Sunday, October 21, 2018

Bilan Ane 1986


Ane 1986 la, yon ane ki vrèman shaje kou legba avèk eve-nman tout kalite. Yon lane boulvèsan ki pa sanble ditou avèk sa kap defile devan jenou depi prè de trantan.

Ane 1986 la, yon veritab ane aganman kameleyon kipa rive avèk yon koulè fix. Ane 1986 lan, ki apuye dol sou dènye mwa 1985 lan te kòmanse sou menm tras la.

Tras violans, la perèz, asasina, men san okenn tranzisyon, kite anpil espwa, lite voye ale rejimm Duvalier yan. Yon rejim devan dèyè, kite shita sou la koripsyon, vòlò, blòf, avèk krimm.

Ane 1986 lan, voye ale tou detwa nan patnè koronpi Duvalier yo. Lan menm tan-an tou, yo lonje lamen bay tout yon seri de sitwayen patriyòt kite oblije kanpe lwen depi dèzane. Li libere la pawòl, libay moun dwa fòme pati politik, asosyasyon sosyopwofesyonel avèk sendika.

Sepandan, pandan tout aneya, peyiya pa rive pran kadans nòmal li. Paske anpil rat-t kipa an favè pwogrè kontinye ap manjel anba, anba. Malgre bònn volonte avèk onèt-te, yon pòsyon responsab.

Sesakfè anpil obsèvatè deklare, dis mwa apre sèt févriye ya e nan finisman ane 1986 lan, majorite moun lan peyiya rete avèk frustrasyon yo, paske laplupa pwoblèm kite pwovoke mekontantman avèk kòlè pèp la, rete la tenmfas.

Kèk nan pwoblèm sayo rele, enjistis, abi pouvwa, arestasyon san manda, vòlò tè, kraponaj, entimidasyon, gaspiyaj, epi banbòsh lajan leta, touye moun, disparèt moun.

Netwayaj kite pwomèt nan administrasyon letayo, silfèt se pito nan sans pou konsolide moun Duvalier yo. Sakte kakoush kòyo touswit apre sèt fevriyeya, retounen vizaj dekouvri nan dyòb yo te okipe avan sèt fevriye. Kèk responsab kisoti poufè netwayaj nan jan sa te dwe fèt sanble jwenn yon pwen darè.

Makout yo kontinye ap opere san pèsonn pa enkyete yo. Yo menm deside fòme pati. Anpil lan moun yo akuze deske yote gen move kondwit sou rejimm Duvalier ya, olye pouyo ta amelyore imaj yo, men lan pouswit pouyo pwoteje tèt yo, yap poze pito dèzaksyon kap agrave kayo shakjou piplis.

Nou pa bezwen pale piplis paske dat-t gwo evenman 1986 lan kapab pale poukont kòyo.

Nap jwenn tout bilan ane 1986 la sou eMagazine.

Bilan Ane 1985


Ane 1985 lan yon ane kite reyuni tout kondisyon poul pote non yon ane tèrib. Vyolans avèg, zak teworis, lagè sivil, masak, mank respè nan dwa moun, enjustis tout kalite, enkonpreyansyon mank tolerans, egoyis, eksplwatasyon, grangou lamizè te make ane sa-a depi kòmansman jis nan finismanl.

Lan peyi bò isit, yon van lespwa liberalizasyon te soufle avèk pwomès shanjman nan lavi politik peyiya. Yon kanpay nasyonal vaksinasyon te lanse. Men pwoblèm kriz economik, pwoblèm la manjay te rete an antye. Epi nan sa noute panse kite fiksyon, sètadi imajinasyon, sa moun te konn wè nan sinema avèk nan televizyon li terive viv yo an dirèk nan ane 1985 lan.

Aletranje. Ane sa-a te vrèman nwa. Tijefò kifèt ant degran yo pou evite yon twazyèm gwo deblozay lagè pete nan lemond, pa rive fè brige yon seri de katastwòf tankou tranbleman d tè, vòlkan, zak teworis, aksidan avyon, detoun-men, lagè sivil kap ravaje anpil peyi nan lemond eksetera.

Nou bay kèk nan evenman kite make lemond ane 1985 lan.

Yon travay direksyon-an ak pèsonèl radyo-wa te prepare pou tout Ayisyen.

Na jwenn tout Bilan Ane 1985 lan sou eMagazine.

Bilan Ane 1984


Pou ane 84 la te yon tijan diferan, pou l ta vini avèk yon lòt ti shanjman kita pèmèt tout moun viv yon tijan pi byen san kè sote, san la perèz.

Malerezman, tout lespwa sayo te reste nan stad swè dèske ane 1984 la, anpil flewo te ravaje lemond, anpil flewo te lage dèy nan kè kretyen vivan prèske toupatou nan lemond.

Gwo flewo kite ravaje lemond, sete flewo grangouwa kite balewouze divès peyi lemond. Satefè anpil pèp leve tètyo pouyo pwoteste. Moun tap mouri grangou pandan tout aneya. Men gwopwisans yo te toujou kontinye ap bati izinn poufè zamm nukleyè, pou konstwi gwo vye zamm deshen-nen.

Moun tap mouri grangou akoz pataj yo tou ki patfèt byen. Lan anpil peyi se yon ti minorite enkonsyan kitap souse tout suk la tandiske gwo majorite-ya lap naje nan lakras.

Lòt flewo kite make tout lemond, sete pwoblèm lagè sivil kite kontinye lan anpil peyi Amérique Latine malgre kòmansman dyalòg ki tanmèn au Salvador oubyen ankò nan peyi Nicaragua.

Lan Chili menm, gouvènman Pinochet te kontinye vire bil pèp Chilien yan. Amnisti Entènasyonal te denonse mank dega nan droit de l'homme lan apil peyi nan lemond.

Plizyè atanta teworis tefèt pandan ane 84 la, nan divès pati lemond. E gen asasina shèf deta kitefèt, tankou nan peyi l'Inde avèk madan Indira Ghandi.

Lan peyi lakay nou an Ayiti, grangou te frape moun tou nan divès kwen peyiya. Pwoblèm boat people te retounen an fòs. Nan lavi politik la tegen eleksyon lejislatif kitefèt. Lèt espwa prezidan Duvalier te ekri bay senk gwo responsab. Divès arestasyon yo juje abitrè tefèt e laprès tesoufri tou pendan ane ya.

Answit ane 1984 la se yonn nan ane Ayiti te siyen tou plis akò lajan avèk letranje. Nou note tou inogirasyon divès sistèm aduksyon dlopotab, divès lekòl avèk divès dispansè un peu partout nan peyiya.

Nap jwenn tout Bilan Ane 1984 la sou eMagazine.

Tuesday, September 25, 2018

Radyo Solèy: Mesaj fen ane 1984


Mesaj Radyo Solèy fen ane 1984.

Paske lut la li du, soufrans lan li fò. Solusyon pwoblèm yo pa fasil. E nou pa gendwa shita nan di Bon Dieu Bon oubyen nan dezespere, paske bonjan kretyen yan li pafèt pou dezespere.

Se pounou lute pounou fè listwa-a pran bon direksyon. Koulè le monde, koulè peyi nou a tèl jan esa va depann de sa na deside jodiya.

Mesye dam sepou nou ame tèt nou avèk anpil gwo lapriyè. Sepou nou priye lute pou finisman lenjustis Sepou nou priye lute pou rèy pataj la kapab rive. Sepou nou priye lute pou timoso lespwa kapab boujon-nen lan kè frènn avèk sè nouyo kap finn deperi. Se pou nou priye pou frènn yo ka suspann al riske viyo sou lanmè. Se pounou priye pou plis jefò kapabfèt lan peyiya, lan domèn reyalizasyon, nan domèn kè lashe, nan domèn tolerans.

Mesye dam, swènouyo a tèlman long, nou pa kon-nen pa kiyès egzakteman pou nouta kòmanse.

Men kon-nen, nou toujou ap lapriyè avèkou. Pou vi-n kapab miyò, pou Ayiti kapab pibèl.

Sunday, August 19, 2018